- LI AN KREYôL
- Lire En Français
- Read In English
4 Pi Gro kado Ou ka Ofri Tèt ou
Ekspè nan tout domèn dakò ke pi bon ak gwo envestisman ke yon moun ka fè se ensvesti nan tèt li. Pa egzanp, li pa yon pwoblèm pou yon moun depanse anpil lajan pou ou ale nan seminè, achte liv ak fè rechèch pou apwofondi konesans li plis nan domèn ke li ap evolye a. Puiske majorite moun gentan dakò ke li bon pou ou envesti nan tèt ou, mwen pral pataje avè w kat (4) gwo kado ke ou ka ofri tèt ou san ke yon pa koute w yon goud.
- Asepte Jezu Kòm Sovè ou, Segnè ou ak Mèt ou
Jezikris se kado ke Bondye fè lemond san pa gen okenn kondisyon ki atache avèk li. Selman sa pou w fè pou resevwa kado sa a se asepte l. Vreman? Wi vreman. Kisa ki fè asepte Jezi se pi gwo kado ke yon moun te ka ofri tèt li? Atik sa a tap twò long si mwen ta pran site tout benefis ke w jwenn Lè ou konvèti tout bon vre. Mwen ap selman pataje 3 nan avantaj yo avè w.
A) Premye bagay ou benefisye de asepte Jezi se lavi ki pap janm vini an. (byento Ministere Puissance ap poste yon atik pou eksplike kisa ki lavi ki pap janm fini an ye.) Anatandan, annou li ansanm Jan 3:16 ak Jan 10:28
Jan 3:16 “Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an. 17 Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l' te kapab delivre yo.”
Jan 10: 28 “Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen.”
Ou we sa zanmi. Bondye garanti lavi ki pap janm fini avèk tout moun ki dakò mete konfyans yo nan Jezi. Lè w asepte fè de Jezi mèt ou, Sovè ak Seyè ou gen yon lòt vi byenerez ki ap tanm ou menmsi ou ta rive mouri fizikman. 1 Tesalosyen 4:14-17
Pou kontiye, Nou li nan Mak 8:36 “Kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li?” Ou kapab posede tout latè. Ou ka gen privilej ak posibilite pou achte sa lide w di w. Zanmi w yo ka gen mwayen pou ofri w tout kado prefere ou yo. Prefere ke ou pat janm fèt si ou ta mouri san Jezi
B) Dezyèm Gwo Benefis ke w Jwenn de asepte Jezi se Libere de Kondanasyon ak Kolè Bondye
Yon lòt bagay ki trè enpòtan ke Bondye fè pou ou, li ap adopte w kòm pitit li. Li make w avèk so Sentespri a. Sa vle di ou sele pou jou redempsyon an epi ou vin eritye wayòm Bondye a. Gade yon gwo privilèj ke ou jwenn paske w dakò resevwa kado ke Bondye bay la.
“Efèz 1:13 Konsa tou, nou menm, moun lòt nasyon yo, apre nou te fin tande mesaj laverite a, ki vle di bon nouvèl k'ap fè nou konnen jan Bondye delivre nou an, nou te mete konfyans nou nan Kris la, n'ap viv ansanm nan Kris la tou. Bondye te make nou ak letanp li tou, li ban nou Sentespri li te pwòmèt la.”
Efèz 4:30 “Pa fè Sentespri Bondye a lapenn, paske Lespri a se mak letanp Bondye sou nou, li ban nou garanti Bondye ap fin delivre nou lè jou a va rive.”
Kòm pitit Bondye, ou pa kondane ankò. Ou epanye de kolè Bondye ki gen pou frape lèzòm nan jijman devan gran twòn blan an. Non selman ou pa kondane nou pa janm jije tou.
Ròm 8:1 “Koulye a, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri.”
Ròm 8:32-33 “Li pa t' menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l' pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi? 33 Ki moun ki va akize moun Bondye chwazi yo? Pesonn. Paske se Bondye menm ki fè yo gras!”
Jan 5:24 “Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans nan moun ki voye m' lan, l'ap gen lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.”
C) Twzèm Benefis ke w Jwenn de asepte Jezi se ke Satan pa Gen Pouvwa Sou ou Ankò
Tout moun ki ap viv san Jezu anba dominasyon Satan. Dezobeysans Adan nan Jaden Edenn te gen yon gwo kosekans grav sou limatine. Tout moun otomatikman eritye peche orijinèl ki soti dirèkteman nan Adan. Nou separe de Bondye. Peche Adan an koupe tout relasyon ke lòm te genyen avèk Bondye. Sa ki pi grav la, lòm vin anba dominasyon Satan ki gen pouvwa pou fè sa li vle avèk moun ki pa gen Jezi nan lavi yo. Non selman moun ki pa konvèti yo anba dominasyon Satan, yo esklav peche tou. Annou li Jan 8:34 ak Women 6:20
Jan 8:34 “Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Tout moun ki fè peche, se esklav peche yo ye.”
Ròm 6:20 “Lè n' te esklav peche a, nou pa t' gen okenn obligasyon pou n' te fè sa ki byen.”
Jezikris se sèl mwayen ki genyen pou rekonsilye mwen menm avè w ak Bondye, retire nou anba dominasyon dyab la ak libere nou de tout peche. Sa se yon lòt prèv ki montre ke asepte Jezi se pi gwo kado ke ou ka ofri tèt ou.
Jan 8:36-46 “Si Pitit Bondye a ban nou libète, n'a lib tout bon.”
Jezi pa selman libere nou de peche ak Satan, li bannou pouvwa sou yo tou .
Lik 10:18-19 “Jezi di yo: Mwen te wè Satan ap tonbe sot nan syèl la tankou yon zèklè. 19 Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal”
Lè m konsidere tout bagay sa yo, mwen konkli pa gen pi gwo kado ke w ka ofri tèt ou. Asepte Jezi se bòn desizyon ke w te ka pran nan lavi w. Mwen panse ke w gentan imajine ki pi move desizyon ke w ka pran nan lavi w. Refize kado sa a ke Bondye ba ou se pi gwo abi ke w te ka fè tèt ou. Ankò mwen ap raple w Mak 8:36 “Kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li?”
- Li Bib la Souvan
Li Bib la Souvan se 2e pi gwo kado ke ou ka ofri tèt ou. Nan konvèsasyon li avèk disip yo, Jezi di yo mwen pap rele nou sevitè men map rele nou zanmi paske yon sevitè pa konnen sa mèt li ap fè. Ou vin yon zanmi pou Jezi lè w fini asepte l kòm pi gwo kado ke Bondye fè a lemonn. Lè ou byen avek yon moun li enpòtan pou ou chache konnen moun lan. Sinon li ap difisil pou w fè yon bon zanmi pou li.
Pou viv an amoni avèk JeziKris ak fè Bondye plezi, ou dwe konnen kisa Bondye vle ak tout sa li pa vle. Bondye revele atravè bib la tout sa nou dwe konnen de li pou viv yon bòn vi. Yo menm defini bib la kòm revelasyon Bondye a lòm. Alò, yon gwo kado ke ou ka ofri tèt ou se pase tan nan li ak medite pawòl Bondye
Sòm 119:105 ak Josye 1:8-9 revele nou yon bann gwo verite ki ap bon pou lavi kretyèn nou
Sòm 119:105 “Pawòl ou se yon chandèl ki fè m' wè kote m'ap mete pye m', se yon limyè k'ap klere chemen mwen.”
E Ltènèl te di Jozye ke li dwe metide pawò la lajounen kou lanwit pou tout afè l yo ka byen mache
Jozye 1:8-9 “Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w'ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w'a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen. 9 Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.”
- Pa Janm Sispann Priye
Laprye se 3e pi gwo kado ke ou ka ofri tèt ou. Gen yon rezon trè senp ki fè m pa mete lapriyè an 2e pozisyon. Ou pap janm kapab priye byen si ou pa konnen lapawòl. Se nan li labib wap konnen koman pou ou. Se bib la ki pou aprann ou ke ou dwe prye Papa a nan non Pitit la. Malgre anpil moun fè erè sa a yo fini prye yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. Tout priye dwe fini tou senpleman nan non Jezi. Ankò, se bib la ki pou aprann ou ke w dwe toujou priye san rete. Nou jwenn sa nan 1 Tesalonik 5:17 “Pa janm sispann lapriyè”
Poukisa lapriyè enpòtan konsa pou menm Jezi pase anpil tan ap priye?
Lapriyè pèmèt ou rete toujou an komikasyon avek Bondye. Mwen asime ke ou konnen byen koman komikasyon nan yon relasyon. Lapriyè pèmèt kretyen an develope yon relasyon entim avèk Bondye. An rezime, nou Ka di ke lapryè pemèt ou develope yon bòn relasyon tankou papa ak pitit avèk Bondye.
- Renmen pwochen w
Si ou vle mennen yon bon vi kretyen, ou dwe efose pou fe tout sa Bondye mande. Renmen moun ki bo kote w yo se youn ladan yo.
1Jan 4: 20-21 “Si yon moun di: Mwen renmen Bondye epi li rayi frè li, se yon moun k ap bay manti, paske moun ki pa renmen frè l li wè, li pa kapab renmen Bondye li pa wè. 21Men kòmandman li ban nou: Moun ki renmen Bondye dwe renmen frè ak sè li yo tou.”
Mak 12:29-31 “Jezi reponn li: “Kòmandman ki pi gran an se: Koute, Izrayèl! Senyè Bondye nou an, se sèl Senyè. 30Renmen Senyè a, Bondye ou a ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout panse w, epi ak tout fòs ou. 31Dezyèm nan se: Renmen pwochen w menm jan ak pwòp tèt ou. Pa gen lòt kòmandman ki pi gran pase yo.”
Jan ou ka egzaminen nan vese sa yo, se fason ou viv avek moun ki bo kote w ki pral montre si ou renmen Bondye tout bon vre. Li bon anpil pou chache gen yon bon relasyon epi viv anpè ak tout moun tout kote w pase. Ou viv pi byen lè ou renmen pwochen w yo.